Peyizan yo nan Latibonit mande minis agrikilti a pou repare santral elektrik Pon Tamaren an

730


06 – 27 – 2024

Gonayiv, Ayiti _____(TRiboLAND) Mouvman “Koze Pèp” nan Latibonit mande ministè agrikilti pou repare santral elektrik ki trouve-l nan Premyè seksyon Pon Tamarin, Gonayiv.

Daprè Luc Rosemond, santral sa te konn pèmèt peyizan yo jwenn dlo pou awoze jaden yo, tout aparèy yo disponib men Leta abandone santral Belanje a.

Santral elektrik Belanje te konstwi sou ansyen Prezidan René Garcia Preval. Reprezantan “Koze Pèp” la mande gouvènman defakto Conille lan, ak manm konsèy Prezidansyèl la pou panse ak peyizan yo ki se motè agrikilti nan peyia.

Comments are closed.