Lapolis Nasyonal Dayiti arete 2 jounalis nan rezidans prive ansyen prezidan Jovenel Moïse la

905


06 – 27 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis Nasyonal Dayiti arete jounen mèkredi 26 jen 2024 la, 2 jounalis ki ta pran malen plezi al founi je gade anndan lakou rezidans ansyen prezidan Jovenel Moïse la, nan Pèlerin #5, san yo pat genyen okenn otorizasyon.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, 2 jounalis ki jwenn arestasyon yo a, ki donk, Yvenson Joinvil ak Marc François ta va envite jodia, pou te ale kouvri yon seremoni ekip ansyèn premyè Dam Martine Moïse t’ap òganize nan espas la.

Nan moman n’ap pale la, Marc François kise jounalis medya anliy “Konnen Ayiti” ak tout ansyen jounalis Radyo Zénith lan, Yvenson Joinvil nan gadavi komisarya komin Petyonvil la.

Comments are closed.