Komisè Muscadin voye yon prezime bandi nan somèy etènèl

760


06 – 27 – 2024

Nip, Ayiti _____(TRiboLAND) Olgy Simon alyas Degidon tonbe anba bal komisè Jean Ernest Muscadin aprèmidi mèkredi 26 jen 2024 la nan zòn Bèken nan Mòn Preval.

Olgy Simon se yon prezime bandi ki nan danse kole ak gang 5 Segond, ki tap sove kite Pòtoprens pou al kache lakay li Miragwàn. Konsa, Simon ki te genyen antènn sou tèt li, arive mouri anba bal komisè Muscadin ki voye li nan yon somèy etènèl.

Avèk CG Jean Ernest Muscadin, depatman Nip lan kontinye tounen simityè pou tout malfwa kap teworize popilasyon an.

Comments are closed.