Endividi ak gwo zam manch long anpil moun idantifye kòm gang 400 Mawozo mete dife nan Mèri komin Kwadèboukè.

808


06 – 27 – 2024

Kwadèboukè, Ayiti____(TRiboLAND) Yon gwoup endividi ame jis nan dan ak gwo zam manch long nan men yo idantifye kòm gang 400 Mawozo, mete dife nan Mèri komin kwadèboukè a jounen jedi 27 jen 2024 la.

Enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, bandi 400 mawozo yo pa sèlman boule Mèri a men tou, yo mete dife nan 2 gwoup elektwojèn ak yon kamyon konpresè.

N’ap raplew ke zak malonèt sa a pase nan komin Kwadèboukè 2 jou aprè 400 polisye kenyan yo te fin rantre nan peyi Dayiti.

Comments are closed.