Premye minis Gary Conille vizite baz polis kenyan yo.

649

Premye minis Gary Conille vizite kontejan polis kenyan nan.

06-26-2024
Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Chèf gouvènman ayisyen an, Gary Conille vizite mèkredi 26 jen 2024 la, kontejan polis Kenyan nan, nan kad deplasman fòs miltinasyonal la,.

Mesye Conille pandan vizit la, deklare yo pral pran kontwòl tèritwa a, “KAY PA KAY”, “KATYE PA KATYE” e “VIL PA VIL”; pandan-l envite popilasyon an, pou kolabore ak manm misyon an.

Toutfwa, premye minis Gary Conille, fè konnen, se otorite ayisyèn yo kap genyen pou detèmine nan ki lye fòs miltinasyonal dwe fè premye operasyon yo konfòmeman ak akò ant Ayiti ak peyi manm yo, daprè sa Radio Métronome ekri sou paj li.

Comments are closed.