PAM nan tèt kole ak patnè li yo inogire yon Pon nan premyè seksyon kominal Lakoma, komin Jan-rabèl.

853


06 – 26 – 2024

Jan-Rabèl, Ayiti____(TRiboLAND) Pwogram Alimantè Mondyal nan tèt kole ak patnè li yo, tankou FAES, BID, SIKSE, poun site sa yo sèlman, inogire jounen mèkredi 26 jen 2024 la, yon Pon sou Ravin Sale nan zòn Fon Diri, nan premyè seksyon kominal Lakoma, komin Jan-Rabèl.

Seremoni sa a, te dewoule nan prezans divès gwo zotobre tankou, reprezantan Pwogram Alimantè Mondyal, FAES, Direksyon Depatmantal Agrikilti Nòdwès la, ajan egzekitif enterimè nan komin Jan-Rabèl, manm KAZEK, otorite relijye, san konte divès manm nan sosyete sivil la.

Direktè Pwogram Alimantè Mondyal la, Jean Martin ki t’ap pale pat kapab bay yon ide sou kantite kòb ki finanse pwojè pon an; toutfwa, li esplike nan ki kontèks difisil yo te arive monte pwojè pou konstwi pon sou Ravin Sale, ki chak fwa lapli tonbe te toujou bay anpil tèt chaje.

Plede anfavè pwogram Pam nan k’ap egzekite nan tèt kole ak patnè li yo, pou ajan egzekitif annapre komin Jan-Rabèl la, se plis yon fyète pou li, lè li konsidere enpòtans pon an ki kapab non sèlman fasilite pasaj peyizan yo pou rantre nan bouk Jan-Rabèl, Pòdpè ak Answouj, men tou, mete lajan nan pòch peyizan yo pandan y’ap ranfòse kapasite enfwastrikti komin nan menm jan sa konn fèt nan tout lòt depatman yo.

Bat bwavo lakontantman pou fason pwojè konstriksyon pon an te dewoule, popilasyon sivil la nan seksyon kominal Lakoma nan tèt kole ak otorite lokal yo mande mesye Jean Martin, ki se responsab Pwogram Alimantè Mondyal la, panche sou lòt pwoblèm seksyon kominal la ap fè fas tankou, basen vèsan, kaptaj dlo, konstriksyon bèl rantre, koreksyon ravin, konstriksyon wout agrikòl poun site sa yo sèlman. ‎

Comments are closed.