Lapolis nan komin Jakmèl nan depatman Sidès peyi a, arete 2 jèn gason kòm prezime trafikan dròg.

816


06 – 26 – 2024

Jakmèl, Ayiti ____(TRiboLAND) Lapolis nasyonal nan komin Jakmèl, mare kou krab 2 jèn prezime trafikan dròg ki se Casimir Camille 25 lane ak Vernord Fevry 27 lane, nan lokalite Dekouze, maten mèkredi 26 jen 2024 la.

Selon pòt pawòl PNH Sidès la, Michaël Valcout, 2 jèn gason sa yo jwen arestasyon yo, aprè lapolis te jwen an pwosesyon yo plizyè kilo marigwana ak yon kantite 9.615 goud, nan moman yo tap rantre Pòtoprens. Lapolis repwoche Casimir Camille ak Vernord Fevry kòm moun ki nan aktivite trafik dròg ak asosyasyon malfèktè.

Li enpòtan pou konnen, 2 jèn gason prezime trafikan dròg sa yo, Casimir Camille ak Vernord Fevry twouve yo nan detansyon pwovizwa pwolonje, nan prizon sivil Jakmèl depatman Sidès peyi Dayiti.

Comments are closed.