Dwayen tribinal sivil premye enstans jiridiksyon Tigwav la, mèt Fritzner Duclair repòte seri odyans asiz kriminèl yo.

734

06 – 26 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Dwayen tribinal sivil premye enstans jiridiksyon Tigwav la, mèt Fritzner Duclair, nan yon interview ak lapwès maten mèkredi 26 jen 2024 la, nan lide pou repòte aktivite asiz kriminèl avèk e san asistans jiri ki te anonse nan dat 07 jiyè kap vini la. akoz grèv sibtiti komisè yo lanse yon lòt fwa pou reklame pibon kondisyon travay.

Pou dwayen Fritzner Duclair, genyen nesesite pou asiz kriminèl yo pa òganize nan jiridiksyon an, selon li, genyen plis pase 3 zan pa janm genyen odyans asiz kriminèl ki reyalize pou jije detni yo, akòz diferan pwoblèm li di kap brase bil sistèm lajistis la.

Toutfwa, dwayen Tribinal la, mèt Fritzner Duclair, deklare pi gwo satisfaksyon li, se kè li wè genyen kondisyon ki kreye pou jije moun ki nan prizon yo, sa yo ki merite kondane, pou kondane yo, pou sa sosyete a repwoche yo, sa ki merite libere, pou yo libere al jwen fanmi yo, pou rekòmanse vi nòmal yo nan kominote yo tap viv la.

Comments are closed.