Ansyen Premye Minis Jean Henry Céant reponn kesyon Jij Merlan Balabre

774


06 – 26 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Ansyen Premye Minis Jean Henry Céant sou Prezidans Jovenel Moise reponn kesyon Jij denstriksyon Merlan Balabre yè madi 25 jen 2024 la. Daprè divès detay, Jij la ta sanble tande ansyen PM lan nan kad dosye divès materyèl ki ta pèdi nan kad karavàn chanjman Prezidan Jovenel Moise te lanse.

Ansyen PM lan ki pat deside bay detay sou ansanm kesyon Jij la poze-l di lap toujou disponib tout tan Lajistis bezwen li. Li te pwofite di nan mikwo Laprès karavàn chanjman se te yon konsèp, CEN se yon enstitisyon; 2 bagay sa yo pa mele ansanm.

Ansyen PM lan di lap toujou bay tout detay posib, men se ULCC ki ka bay plis enfòmasyon sou zafè materyèl CEN ki te pèdi yo.

Comments are closed.