Dirijan pati Rasin Kan Pèp ak Altènativ Sosyalis anonse yon konferans pou laprès vandredi 21 jen 2024 la.

800


06 – 20 – 2024

Pòtopwens, Ayiti ___(TRiboLAND) Dirijan pati Rasin Kan Pèp la ak Altènativ Sosyalis (ASO) envite tout medya nan yon konferans pou laprès demen vandredi 21 jen 2024 la, nan lokal PAPDA a nan nimewo 20, ri Janbatis, Kanapevè.

Konferans sa ap bay nan objektif pou gade : ki plas analiz chematik 32, 34 la nan konjonkti aktyèl peyi a epi komemorasyon 90 lanne fondasyon premye pati Kominis Ayisyen an.

Konsa, dirijan pati Rasin Kan èp la, ak ASO di yo kont sou patisipasyon tout medya yo, daprè pòt pawòl pati a ,Camille Charlmers pou Rasin Kan Pèp la ak Jean Herol Buteau pou ASO.

Comments are closed.