PM Garry Conille enstale Minis Ekonomi ak Finans, Madam Ketleen Florestal ki li menm tou se titilè Ministè Planifikasyon

824


06 – 17 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Premye Minis Garry Conille enstale jodi lendi 17 jen 2024 la Ekonomis Ketleen Florestal nan tèt Ministè Ekonomi ak Finans, ki li menm tou okipe fonksyon Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn. PM Garry Conille di li antyèman gen konfyans nan kapasite Madam Ketleen Florestal pou epksperyans ak konpetans li nan Administrasyon piblik la.

PM lan envite Minis lan pou fè pwèv entèlijans paske peyia nan yon sitiyasyon kote tout bagay ijan. Refòm finans ak kontabilite piblik la, refòm bidjetè se pa pami kèk ijans PM lan site.

Nouvèl lokatè Ministè Finans ak Planifikasyon an, Madam Ketleen Florestal di li konsyan sou sitiyasyon aktyèl peyia, li angaje-l pou travay yon fason pou pèmèt 2 ministè sa yo asime responsablite yo nan relanse ekonomi peyia. Amelyore kondisyon lavi popilasyon an, redwi povrete se pami bagay Minis lan gen nan ajennda li pou ede gouvènman ateri.

Comments are closed.