ULCC anonse yo pral kapab idantifye fòtin fonksyonè Leta kòriptè yo nan lòt peyi

795


06 – 15 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou kontinye goumen kont fonksyonè Leta k’ap vòlò lajan peyi a, #1 ULCC a, Hans L. Joseph anonse ke yo pral kapab idantifye kantite byen sal, swa lajan sal, kay, machin, poun site sa yo sèlman, fonksyone Leta yo vòlò al sere nan peyi lòt bò dlo, gras ak rezo “Globe” Nasyon Tèt kole yo.

Dapwè detay Hans L. Joseph founi ak laprès, travay sa a pral rann posib gras ak jefò li fè pou entegre Ayiti (ULCC) pami 206 peyi ki fè pati rezo “Globe” la.

Li enpòtan pou konnen, rezo “Globe” la se yon rezo ke Nasyon Tèt kole yo mete sou pye nan lide pou kanpe goumen kont trafik dròg, epi pèmèt peyi sa yo pataje enfòmasyon pi rapid sou kòriptè annafè. ‎




Comments are closed.