Ansyen Depite Marigo a, Deus Deronneth reyisi premye senpozyòm sou gouvènans kominal

732


06 – 15 – 2024

Marigo, Ayiti ______(TRiboLAND) Lanse-l nan kanpay pou remanbre gouvènans lokal la depi yon bon bout tan, ansyen depite sikonskripsyon Marigo a reyisi premye senpozyòm sou gouvènans kominal jodi samdi 15 jen 2024 la, nan komin Marigo.

Kolektivite a se motè devlopman, pou peyia devlope nou dwe aksepte pase nan koulwa seksyon kominal yo, komin yo, ak depatman yo jan sa ekri ki pa janm respekte. Desantralize ak dekonsantre pouvwa se ap pi bon mwayen pou sa rive fèt.

Nan premye senpozyòm nan, divès sijè te nan kè evènman, tankou : Gouvènans seksyon kominal yo, yon altènatif pou devlope Ayiti ; desantralizasyon ak gouvènans lokal en Ayiti soti 1987 pou jodia, pou ki bilan; desantralizasyon ak devlopman lokal, kòman nou ka rive favorize popilasyon lokal la, pou-n site sa yo sèlman.

Ansyen Depite sikonskripsyon Marigo a pran inisyativ sa, nan lide pou fè konbit pou chèche ki meyè solisyon ki posib ak enplikasyon sitwayen yo. Ansyen palmantè a di, se apèn kòmanse e tout rès peyia ap touche.

Comments are closed.