Lekòl Saint Georges òganize yon mès Aksyon Degras nan Komin Dam Mari

785

06 – 14 – 2024

Dàm Mari, Ayiti____(TRiboLAND) Lekòl Saint Georges, ki ankre nan fondasyon doktrinal katolik la, òganize byen bonè maten an yon fèt Aksyon Degras nan legliz Notre Dame La Nativite nan komin Dam Mari.

Yon legliz ki te depase kapasite li avèk presans paran, pwofesè ak elèv enstitisyon Saint Georges la; anpil animasyon avèk elèv enstitisyon eskolè a, ki te pran an majè pati, direktiv sèvis la.

Reveran Lalouse Cadélus, te mesaje sikonstans lan, kote ke li tap mete anfas sou enpòtans maryaj ki se yon pwojè Bondye, pou arive genyen anplas yon fwaye ki djanm. Objektif maryaj, se pwoteje youn lòt, dapwè Reveran Cadélus ki tap depoze.

Comments are closed.