Lapolis pèdi yon bon grenn, Enspektè Joachim Antoine travèse

767

06 – 13 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Enspektè Joachim Antoine mouri jounen mèkredi 12 jen 2024 la, yon nouvèl lanmò ki boulvèse anpil moun nan peyia. Enspektè Joachim anpil moun konnen sou non “Kòmandan Blokis”, te konn fè sikilasyon nan Kafou Fleryo, komin Taba.

Enspektè Joachim Antoine se te chouchou pèp ayisyen pou fason li te konn travay, nan bon tan tankou move tan. Jiskaske nan dènye moman yo, Kòmandan Blokis te onore e resevwa plak donè bò kote divès òganizasyon nan sosyete sivil la, pou disponiblite li e angajman nan aksyon kominotè.

Bandi sangwen te kidnape Enspektè Antoine; depi lè sa pwoblèm sante li kòmanse agrave jiskaske li mouri aprè yon ti bout tan li te pase lopital. Tout komin Taba ap kriye pou depa Enspektè pou loryan etènèl. Lapolis pèdi yon grenn ki tap travay ak tout li menm, ki te konn fè travay li, se temwanyàj disvès sitwayen.
Ale anpè Kòmandan Blokis!

Comments are closed.