Reprezantant pèmanant Ayiti nan UNESCO a demisyone nan pòs li jounen mèkredi 12 jen 2024 la pou vin okip pòs minis Afè Lòt Bò Dlo

788


06 – 12 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Reprezantant pèmanant Ayiti a nan UNESCO, Madam Dominique Dupuy, deside parèt tèt li nan gouvènman ayisyen an sou yon lòt fòm. Aprè plizyè sèmen dyalòg ak diskisyon, finalman reprezantant pèmanant peyi Dayiti a nan UNESCO deside fè yon kraze kite sa nan pòs la, pou vin jere pòs Minis Afè Lòt Bò Dlo nan gouvènman Garry Conille lan.

Anons sa a tonbe tankou gwo kout zèklè jounen mèkredi 12 jen 2024 la nan lakou UNESCO, sa ki lakòz peyi Dayiti fè yon gwo pa, lèl deside entegre nan menm moman an komite UNESCO pou kenbe patrimwàn kiltirèl ki pa materyèl yo jis pou evalye tout demand enskripsyon ki gen rapò yo nan sans sa a.

Comments are closed.