2 nan manm konsèy Prezidansyèl la chita pale ak Anbasadè Repiblik Dominikèn lan

817


06 – 11 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) 2 pami manm konsèy Prezidansyèl la, Smith Augustin ak Lesly Voltaire chita pale ak Anbasadè Repiblik Dominikèn lan SEM Faruk Miguel jounen madi 11 jen 2024 la. Rankont sila te chita sou enterè komen 2 peyi vwazen yo. Ti bat bouch yo te plis chita sou pral kolabore nan zafè komès, edikasyon ak sekirite sou fwontyè a pou-n site sa yo sèlman.

Bò kote Anbasadè Repiblik Dominikèn lan, SEM Faruk Miguel, li reyafime angajman-l pou travay nan tèt kole ak peyi Dayiti, ak pou sezi tout opòtinite chak peyi yo kapab ofwi lòt.

Divès lòt inisyativ anvizaje nan rankont sila, yon fason pou 2 peyi yo chita sou fè pwomosyon sou valè ak devlopman mityèl. Yon etap sinifikativ nan konsolide relasyon diplomatik 2 peyi yo ak yon bon demen, dapwè 2 manm konsèy Prezidansyèl yo. ‎

Comments are closed.