PM Garry Conille chita pale ak reprezantan Digicel ak Natcom sou kalite sèvis yap bay

805


06 – 07 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon kominike biwo Primati Repiblik la mete deyò, yo enfòme popilasyon an sou yon chita pale PM lan fè ak responsab konpayi telefonik Digicel ak Natcom yè jedi 06 jen 2024 la, nan aprè midi. Rankont sa ki te fèt nan prezans Direktè Jeneral CONNATEL la, te chita sou pwoblèm ki gen nan kalite sèvis konpayi sa yo ap bay nan divès zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, tankou nan vil pwovens yo.

PM lan mande responsab yo ak Direktè Jeneral CONNATEL angaje yo nan chèche eleman solisyon pou remedye ak sitiyasyon sa, PM lan prewokipe akoz divès konplent ki genyen bò kote kliyan yo, parapò ak sèvis medyòk ak krizokal ke rezo Kominikasyon yo ap bay delivre.

PM lan pwomèt tou, Gouvènman pral travay pou kreye yon klima sekirite, yon fason pou responsab yo ki poze pwoblèm sa kapab bay peyia bon sèvis.

Comments are closed.