Fòs lòd yo nan depatman Sidès peyi Dayiti poze lapat sou yon manm rezo kriminèl Chen Mechan.

899


05 – 08 – 2024

Jakmèl, Ayiti__(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Sidès peyi Dayiti patikilyèman nan zòn Meyè poze lapat sou Dorcely Roosevelt, yon puisan chèf gang Chen Mecha.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, Dorcely Roosevelt se yon puisan chèf gang k’ap opere nan baz Chen Mechan nan komin Kwadèboukè.

Otorite yo poze lapat sou gwo koure Roosevelt, pou asosyasyon malfektè, kidnapping, vòl, vyòl, poun site sa yo sèlman. Dorcely Roosevelt nan moman n’ap pale la, ap reponn kesyon SDPJ nan Sidès peyi a.

Comments are closed.