Denis Emilio tonbe anba bal Lapolis nan zòn Karenaj

937

06-07-2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Denis Emilio tonbe anba bal Lapolis aprè midi vandredi 07 jen 2024 la, nan zòn Karenaj, premyè seksyon Boden ki trouve-l nan komin Pòdpè.

Daprè plizyè temwen ki te sou plas, Denis Emilio tonbe aprè divès katouch. Enfòmasyon kap sikile ta fè kwè Denis se yon manm aktif baz Brooklyn.

Sa fè yon dezyèm moun popilasyon an idantifye ki tonbe anba bal lapolis nan jounen vandredi 07 jen 2024 la.

Comments are closed.