Pòdpè : Sibtiti Komisè Alangue Valbrun arete Jounalis Korespondan Radio Vision lan, Jocelyn Jolissaint

832

06 – 04 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Sibtiti Komisè Alangue Valbrun arete maten lendi 03 jen 2024 la, Jounalis korespondan Radio Vision lan, Jocelyn Jolissaint. Daprè sa SCG a deklare nan mikwo Laprès, li arete Jounalis la pou li bay eksplikasyon sou yon odyo li mete deyò ki ta atenn pèsonalite-l.

Jounalis la ki trè fache nan gadavi Pakè Pòdpè pat kache fwoustrasyon li anvè divès otorite nan aparèy jistis Pòdpè a kap fè enjistis. Jounalis la ki ankò afime nan moman PDG Radio News Star te manke touye-l la, pat gen oken otorite nan Pakè a ki te vle desène yon manda kont li.

Sibtiti Komisè Alangue Valbrun ki trè fache di lap voye Jounalis korespondan Radio Vision 2000 lan al jije devan tribinal paske li vle sal moun ki pwòp. E Jounalis la bò kote pa-l di lap tounen yon kwòk nan gòj yo.

Antouka, nan dènye tan sa yo, ta sanble genyen gwo dosye sou yon ekip granmoun notab kannay, louten bab ki pran malen plezi ap gaspiye yon seri tinègè ki kapab pitit apitit yo nan vil Pòdpè, kote sispèk yo, itilize pouvwa otoritè yo ak reselè Lajistis pou fèmen bouch paran viktim yo.

Comments are closed.