Manadjè Frizz la Jean Jean Paradis fè yon kraze kite djaz la

835

05-24-2024

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan yon mesaj Maurice Jean Evens alyas Jean Jean Paradis nan yon mesaj li pibliye sou paj Facebook li, fè tout moun konnen li fè yon kraze kite sa ap group FRIZZ la. Jean Jean Paradis se te Manadjè group Mizikal FRIZZ kap evolye nan vil Pòdpè.

Mwen mete fen nan relasyon Manadjè mwen te genyen ak FRIZZ la mesyedam, mèsi pou 2 lane nou te pase ansanm. Animatè Radio Clean lan konkli mesaj li a, ak mo sa yo: pou respè-m ak onètete-m.

Nap raple Manadjè a kite group la, nan moman yap prepare pou fè gran retou yo depi aprè chantè yo Cliff te pran plizyè katout nan yon bal yo tap jwe Remon. ‎

Comments are closed.