Ansyen premyè dam peyi Dayiti a, Madam Martine Moise voye solidarite li bay tout moun ki viktim pandan pasaj Tònad la nan depatman Nòdwès peyi a.

749


05 – 23 – 2024

Nòdwès, Ayiti ___(TRiboLAND) Ansyen premyè dam peyi Dayiti a, madam Martine Moise voye solidarite li bay tout moun ki viktim pandan pasaj tònad la nan komin Basen Ble, lokalite Lasous nan depatman Nòdwès peyi a.

Madam Martine Moise deklare plis pase yon dizèn moun ki blese, genyen ki pèdi lavi yo, anpil lòt lage nan lari 2 bra balanse san abri. Fas ak sitiyasyon difisil sa a, Martine Moise mande yon kole zèpòl yon fason pou rive ede sila yo ki nan gran bezwen nan Basen Ble ki pa genyen moun ki pou ede yo.

Ansyèn premyè dam nan, Martin Moïse pran kòm egzam kanal wanamèt la, kanal masak la, ki se rezilta yon tèt ansanm, nan sans sa a, li lanse apèl nan tèt ansanm pou ede moun Basen Ble ki viktim nan plizyè fason, nan pasaj tònad la, pandan l di lap toujou rete bò kote moun Basen Ble.

Comments are closed.