Prezidan re-eli Repiblik Dominikèn nan ap fè tèt pou yon vizit plizyè jou nan peyi Itali.

820


05 – 22 – 2024

Santo D. Repiblik D.____(TRiboLAND) Nan kad yon kominike sèvis kominikasyon prezidan re-eli Repiblik Dominikèn an, Luiz Abinader mete deyò jounen mèkredi 22 me 2024 la, yo anonse gran piblik dominiken an ke ala tèt peyi vwazen an pral gen pou patisipe nan yon vizit espesyal pandan plizyè jou nan peyi Itali.

Dapwè enfòmasyon yo rive founi bay laprès, vizit sa a pral gen pou demare nan dat vandredi 24 me k’ap vini la a, kote Luiz Abinader pral gen pou rankontre ak Pap François nan dat 27 me a.

N’ap raple’w, prezidan rasis re-eli pèp dominiken an, se pral 8e prezidan dominiken ki pral jwenn chans chita ak pi gwo chèf Vatikan an.

Comments are closed.