Lafen ap touye prizonye yo nan Jakmèl si pa gen yon men leve pou yo

856


05 – 22 – 2024

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Kolektif Avoka yo lanse yon SOS pou prizonye yo kap mouri grangou nan prizon sivil Jakmèl la, menmsi moun yo ap pije pèn pou yon bagay yo fè; sa pa vle di yo pèdi dwa pou bwè ak manje.

Kolektif kap defann dwa moun yo “CADDHO” mande otorite yo ak sosyete sivil la voye je gade prizonye yo ki gen plizyè jou yo pa jwenn yon ti lamanjay.

Ann nou lonje m’en ansanm pou-n sove lavi prizonye yo, dapwè Mèt Arnel Rémy.

Comments are closed.