Yon vyolan Tònad pase Basen Ble : plizyè kay vòltije e koze yon latriye blese.

1,016

05 – 21 – 2024

Basen Ble, Ayiti ____(TRiboLAND) Plizyè moun viktim jounen madi 21 me 2024 la, vè 1è 30 nan aprè midi aprè yon gwo vyolan tònad ki manifeste tankou yon antenwa kondansasyon ki genyen anndan li pousyè ak debri tout kalitevoltije anlè yon latriye kay, kote ke plizyè dezidan ative blese.

Tanpèt atmosferik zanzatann sila, te mete plizyè rejyon nan komin Basen Ble ajenou, sou biskèt avèk tranble janm. Li pote ale sou wout plizyè tèt kay, kraze jaden e lakoz plizyè moun blese. Rejyon tankou Lasous e Fon Papay se pami zònn ki pran pi gwo fwap yo, daprè Elines Vincent, kòdonatè Fondasyon TRiboLAND ki te sou plas nan mitan deblozaj yo.

Sant sante kominotè Basen Ble anvayi avèk moun ki anba gwo panik nan transpòte pwòch yo ki viktim anba yon parèy ke moun komin nan pa janm konnen, daprè Dr Jilsaint François ki pa kache volim panik popilasyon an konnen nan moman katchouboumbe atmosferik la.

Comments are closed.