Vil Pòdpè : Ekip “Nap Valorize Valè” yo pa lage prizonye yo yon may nan zafè solidarite

666


05 – 18 – 2024

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Ekip “Nap Valorize Valè” yo pote divès chasè ak bidon dlo pou prizonye yo nan prizon sivil Pòdpè a, jodi samdi 18 me 2024 la. Nan gran difikilte pou pwoblèm dlo ak manje, prizonye yo ap fè fas ak yon sitiyasyon kritik depi plizyè jou.

Konsyan fas ak yon parèy pwoblèm, sitou avèk dènyè soti chèf Pakè Pòdpè a, Komisè Applys Félix. Ekip la pote solidarite sila gras ak sipò divès patnè ki konprann nesesite pou soutni prizonye yo. “Nap Valorize Valè” yo rive fè jès patriyotik sila nan kad pou asiste anviwon 300 prizonye jwenn tigout dlo pou bwè.

Comments are closed.