Nan objektif pou kontinye ak konstriksyon pawas Nòtredam Delapè, responsab yo òganize yon sware priyè

769


05 – 18 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon sware priyè òganize nan pawas Nòtredam Delapè soti 17 pou leve 18 me 2024 la, nan kominote 3èm seksyon Dègranj.

Selon reveran pè Kèbi Polikap, legliz la te panse òganize yon semèn priyè ki ta pral debouche sou sware priyè sa nan objektif pou kontinye ak travay konstriksyon batiman legliz la. Sou tèm “moun ki mache se ou kap jwenn”. Fidèl katolik yo soti nan tout depatman Nòdwès la, an pelerinaj pou vin priye e lage chay ki lou yo nan men Bondye.

Chak kretyen yo resevwa yon anvlòp ak nimewo Monkach ou Natkach pou bay patisipasyon yo pou travay la. Plizyè pè ak layik ki tap anime seremoni an, mande fidèl katolik yo mobilize sou tèm “moun ki mache se ou ki jwenn” ,pou afè yo kapab mache nan peyi a.

Comments are closed.