Òkès “Collège les Saints Innocents” reyalize 4è Edisyon Konsè yo.

903


05 – 12 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Òkès “Collège les Saints Innocents” reyalize 4è Edisyon Konsè li toujou òganize anplennè chak ane nan mwa me.

Fonde nan lane 2017, Okès la pran anviwon 3 lane nan prepare mizisyen yo sou direksyon responsab enstitisyon akademik lan, kap dirike anba lobedyans Reveran Pè Wilky Avril. Gwoup mizikal la ta pral reyalize nan lane 2024, premyè aktivite adisyonèl kurikulum sa ki vin rete yon tradisyon chak ane.

Òkès la kap dirije anba direktiv Mayestro Petit Bildad, fòme ak elèv lekòl la soti nan klas premyè ane pou rive nan NS4. Chak ane, responsab yo toujou pran yon Parenn ak Marenn pou akonpaye pwomosyon mizisyen ki prè yo. Ane sa, se ansyen Senatè François Lucas Sainvil ak Madame Martin Saintil ki akonpaye timoun yo.

Mizik gen yon enpòtans total kapital nan lavi moun, pou yon mizisyen jwe byen, li oblije aplike pwensip kap fè li mete tout nòt yo nan plas yo, yon fason pou pwodwi son ki agreyab. Timoun sa yo kap grandi nan pwatik sa espere bay bon jan rezista demen.

Avèk timoun sa yo, relèv la asire nan peyia, dapwè Wilkenson Alexis anpil moun konnen sou non Master Keno ki tap asire animasyon yon parèy sòlòkòtò.

Comments are closed.