Fondasyon Digicel lanse 8èm Edisyon Kanpay Konbit pou Chanjman an.

927


05 – 12 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Fondasyon Digicel deside bay yon bourad ak kominote ayisyèn yo atravè baz òganizasyonèl yo. Fondasyon Digicel lanse pou yon lòt fwa ankò, 8èm Edisyon Kanpay Konbit pou Chanjman nan tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti.

Pou reyalize 8èm Edisyon an, Fondasyon Digicel mande ak chak baz òganizasyonèl, kèlke swa kote yo ye andedan peyi a, pou yo vin soumèt pwojè kominotè yo avan dat 19 jiyè k’ap vini la.

Chak baz òganizasyonèl pral genyen pou soumèt yon pwojè kominotè k’ap baze swa sou agrikilti, elevaj, pèch, kaptaj dlo, poun site sa yo sèlman.

Comments are closed.