Ministè Edikasyon Nasyonal Entèdi Aktivite Komès andedan Lekòl yo.

1,229

09-09-2022

Pòtopwens, Ayiti__(TRiboLAND) Nan yon sikilè ki pote non Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, #1 ministè sila ki donk, Nesmy Manigat entèdi tout aktivite komès kap fèt andedan lekòl yo.

Desizyon sa a sòti aprè gwo chabrak yo nan ministè a te fin resevwa divès plent kont direktè malfwa yo ki transfòme sant edikativ yo, kòm veritab lye komèsyal. Anplis twal inifòm direktè komèsan lekòl yo vann, yo vann barèt, ne, kokad, chosèt, soulye, valiz, ròb radyasyon, poun site sa yo sèlman.

Minis Edikasyon Nasyonal la raple tout direktè yo, akreditasyon ministè a bay la pa gen okenn rapò ak komès men, se pou apwantisaj ak lòt aktivite ki makònen ak sa. Viv Ayiti! Viv Edikasyon!

Comments are closed.