Privatizasyon ekipman ak sèvis TPTC e SNGRS kontribye nan pwoliferasyon fatra avèk deteryorasyon enfwastrikti woutyè nan Nòdwès

TRiboLAND.com
Operasyon “Konbit Ayiti Zewo Dechè” ke direktè SNGRS la, Daril Baltazar ap pwone a, pap kapab genyen jèvrenn pou li ateri nan vil Pòdpè kap viv yon sitiyasyon fatra kwonik ekstrèm depi plizyè deseni. Anplis, Nòdwès ki se pòt antre peyi Dayiti, toujou trete anba je tout gouvènman tout plimay an paran pov; aterisaj yon parèy operasyon nan site Kapwa Lamò a, parèt plis ke yon ilizyon ou yon pwomès san nannan pou rezidan yo komin Pòdpe.
Anpil sitwayèn ak sitwayen nan vil Pòdpe, ap mande minis Almathe Pierre Louis ak dirèktè Daril Baltazar, pou ede yo wè pi klè nan inisyativ zewo dechè a, ke yo estime ki pa jamè vulgarize nan depatman nan Nòdwès la atravè swadizan TPTC ak SNGRS, 2 antite fantòm ki pa sispann tribiche pou fè konnen egzistans yo anba je popilasyon an.
Pou TPTC, ki se yon konpozan nan aparèy etatik la, e ki ta sipoze yon enstans kap delivre sèvis piblik pou byennèt ak sekirite popilasyon an; menm nan rèv, li pa ta dwe yon antite prive ou byen pèsonèl yon swadizan yon Enjenyè, ki pa fè lòt bagay ke mete li disponib pou bay yon ti group moun afè bon nan komin nan sèvis.
Kalite pwatik dezonorab ou kòwonpi kwonik sa yo, revòlte ou endinye popilasyon an ki toujou rete nan malsite fas ak deriv ak konpòtman manfouben yon Enjenyè TPTC awogan e ki konplètman bliye ke prezans li inikman la pou sèvis piblik popilasyon an, pa pou fè kolòn avèk yon seri gro potanta nan vil la, kap itilize ekipman TPTC yo ki rele sitwayen ayisyen ki peye taks yo chèmèt e chèmètrès.
Ak yon parèy konpòtman iresponsab e volonte pou privatize ekipman ak sèvis TPTC yo; absans ekipman ke swadizan responsab yo toujou itilize kòm pretèks pou eskive yon seri pwojè e sèvis piblik, li ap reyèlman difisil pou yon ministè tankou TPTC ak yon antite tankou SNGRS, ateri nan yon rejyon kote ke yo pa menm konnen egzistans yo ki pa lòt bagay ke 2 antite prive kap regle inikman afè moun prive.
Sa ki rive nan Okap Ayisyen an, pa lwen rive nan vil Pòdpe, ki pa arive metrize vrè filozofi ki dèyè konsèp “zewo dechè”, ki yon ilizyon ki chaje avèk foulay nan je popilasyon nòdwezyèn lan; sitou lè konsta yo montre depi plizyè lane, ekipman leta yo pa fè travay popilasyon an nan Nòdwès, sinon ke yo redwi nan fè travay yon seri nèg afè bon san konsyans nan vil Pòdpe, ki konfòtab nan itilize ekipman leta yo pou elaji tèritwa riches yo.
Anfen, se tande moun tande genyen yon minis TPTC ki rele Joseph Almathe Pierre Louis ou yon direktè SNGRS ki rele Daril Baltazar ki fè pati gouvènman PM Alix Didier Fils Aimé a; alòske Nòdwès menm manke santi prezans yo menm nan dòmi. Eske se akoz twòp fatra oubyen wout lanfè Ba Nòwès yo, ki fè rejyon sila pa merite prezans Gran Toryan sila yo, ki ta sanble manifeste volonte inikman pou yon seri lòt depatman?
Sa prèske depase sèt lane depi ke TPTC ap voye flè e remèt foulay nan Nòdwès peyi a, avèk yon Enjenyè Angelot ki san respè pou popilasyon an atravè yon seri pwojè woutye tèt anba e tè bati ki pa janm fini, men ki kite yon seri peripesi labou, anbouteyaj, drenaj, eboulman ou dràm ekolojik tankou : Chan Avyasyon aks woutyè Pòdpè – Jan Rabèl, Pòdpè – Ansafolè elatriye, ki menase egzistans lavi anjeneral nan depatman Nòdwès peyi a.
Kòman yon konbit tankou “zewo dechè” a ap kapab materialize nan Nòdwès peyi a, si yon seri ekipman ki te nan rejyon an oblije transpòte nan lòt depatman ki deja pi byen estriktire ke Nòdwès? Kòman pou pa genyen fatra ak pwoblè wout ou menas anviwonmantal si yon seri ekipman TPTC kadnase nan vitrin lapolis kòm biblo? Kòman pou fatra pa anvayi diferan komin nan rejyon Nòdwès la, si ti ponyen ekipman TPTC yo privatize ak yon seri antite kap benefisye agogo sèvis Enjenyè Angelot, alòske yon katafal travay popilasyon an paralize nan demen tanto, ap soufwi nan pa genyen gaz, oubyen ekipman anpann, oubyen sa pa nan atribisyon bwàt la, oubyen se naje pou’w sòti?
Antouka, sitwayèn ak sitwayen Nòdwès yo swete santi ak wè volonte gouvènman Alix Didier Fils Aimé yo nan rejyon, atravè yon direksyon TPTC ak SNGRS ki pa nan woule’m debò e ki pa genyen oken plan konkrè ou entèvansyonis pou depatman Nòdwès peyi a ke yo konsidere kòm espas kap degaje yon nivo ensalibwite tèt chaje ki se rezilta: absans materyèl, absans operasyon netwayaj, absans sèvis anviwonmantal, fèb responsablite kolektè prive, depo iregilarize, konstwiksyon anachik, absans pwojè resiklaj, sansibilizasyon rejyonal, ak sanksyon ireyèl kont antite kap pwomote fatra.






