Reprezantan Rasin Kanpèp la nan vil metwopòl Nòdwès la mande ak pèp la asime responsabilite yo fas ak gouvènman CPT- Garry Conille lan.

809

07 – 04 – 2024

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Reprezantan Rasin Kanpèp nan vil metwopòl Nòdwès la, Mèt Kerly Dubréus, mande ak popilasyon an an jeneral pou yo pran desten yo nan men fas ak gouvènman CPT-Garry Conille lan.

Pou ansyen komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a, ni Konsèy prezidansyèl tranzisyon an ni Dr Garry Conille ansanm ak Wo majòjon PNH la, kòmandan Normil Rameau, se blag yo vin bay paske yo tout se zèl kat boujwazi a.

Yon lòt bò, avoka Bawo Pòdpè a Mèt Kerly Dubréus, kesyone prezans fòs miltinasyonal la ki vin flannen nan Pòtoprens.

Plede anfavè mizè, lavi chè, malsite popilasyon an ap plonje chak jou ki jou, reprezantan Rasin Kanpèp nan metwopòl Nòdwès la mande ak popilasyon an degaje yo kou Mèt Jan Jak pou sòti nan sa yo ye la.

Comments are closed.