PM Garry Conille deklare ke li pare pou chita pale ak gang yo si tout fwa…

984

07 – 04 – 2024

Nan moman li te fè yon ti bat bouch ak yon jounalis RFI, Dr. Garry Conille, Premye minis ayisyen an eksprime entansyon li pou li ta chita pale ak group gang ame sangwen yo. Sepandan, li evoke kondisyon prealab fas ak chita tande sa yo ki se: gang yo dwe depoze zam e rekonèt otorite Leta.

Pou PM Garry Conille, kondisyon sa yo pa negosyàb e yo se pasaj oblije, e aprè sa nap detèmine ki sa ki kapab fèt. Pou li menm, pwemye bagay la se pou gang kriminèl yo depoze zam e mete ajoune devan Leta kòm otorite suprèm.

Konsa, objektif Conille la nan sans sa, vize pou restore lapè ak sekirite anndan peyi Dayiti. Kidonk, gouvènman an espere ke yon parèy demach ap kapab ankouraje gang yo kopere e kontribye nan estabilize peyi Dayiti.

Comments are closed.