Majistra adjwen enterimè komin Gran Gwav la, mande tout chofè Moto Taksi tankou prive pou pase anrejistre moto yo nan komisarya a.

807

07 – 04 – 2024

Grand Gwav, Ayiti __(TRiboLAND) Majistra enterimè adjwen komin Gran-Gwav la, Jean René Jacob alias Malachi, nan yon interview li akòde ak la pwès jounen jedi 04 jiyè 2024 la, mande pou tout pwopriyetè moto taksi tankou prive, pou yo pase anrejistre moto yo nan komisarya a, sòti 24 jen pou rive 24 jiyè 2024 kap vini la a.

Majistra Jacob ki esplike, yo pran desizyon sa a, se nan lide pou wè koman, yo kapab rive frennen pratik vòlè motosiklèt nan rejyon gwavyèn nan, ki genyen Leyogàn, Gran Gwav ak Tigwav.

Ajan ekzekitif enterimè a, deklare pase delè sa yo, tout chofè moto taksi tankou prive lapolis kenbe kap sikile san anrejistreman, yap pwosede ak arestasyon chofè sila a. Dapwè majistra enterimè a, mesye Jean René Jacob, lè yon chofè fin anrejistre nan komisarya a, yap delivre li yon badge pou l sikile san pwoblèm nan tout rejyon gwavyèn nan.

Yon lòt kote, ajan ekzekitif enterimè komin Gran-Gwav la, Jean René Jacob, pote esplikasyon sou yon frè 600 goud chofè motosiklèt yo ap genyen pou yo peye nan komisarya a. Konsa, anrejistreman an ap repati konsa, 400 goud pou badge, yon lòt 250 goud la, ladann yap peye 2 moun, youn kap ramase lajan an, epi lòt la ap rantre done nan sistèm òdinatè komisarya a.

Li enpòtan pou nou fè’w konnen, Lameri ak Lapolis pa pran desizyon sa a pou kont yo, se yon desizyon ki pran ant otorite yo ak 3 asosyansyon chofè taksi motosiklèt nan kad yon chita pale ki fèt nan komin Gran Gwav.

Comments are closed.