Aktris ayisyèn nan Gaëlle Bien-Aimé voye yon mesaj pou fwete ògèy chèf gouvènman an Dr Garry Conille fas ak fenomèn ensekirite a.

906

07 – 04 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Aktris ayisyèn nan Gaëlle Bien-Aimé voye yon mesaj ak plizyè kesyon bay PM defakto a, Dr Garry Conille, nan lide pou fwete ògèy li fas ak fenomèn ensekirite a ki kontinye ap mete dlo nan je.

Aktris la mande ak PM nan: ” kote repons ak sityasyon sekirite a? Yo mete dife sou yon chofè bis ki asire trajè Jakmèl pòtoprens, ki sa’w fè PM ? Ki sa k’ap fèt menm ? Ou pa ka vini la a, ou desann lavil al gade kijan yon bò nan kapital la kraze, pou kounya se pwopagann w ap fè. Nou p ‘ap pran l!”

Pou aktris la, li voye mesaj sa a, se jis pou plede koz plis pase 20 moun ki pèdi lavi yo nan komin Gresye ak divès lòt ki sòti blese san konte sila yo, yo kidnape.

Selon Gaëlle Bien-Aimé, teworis yo montre yo pa pè okenn otorite. Popilasyon an wè se tweet k’ap fèt, nòt k’ap sòti chak jou, foto menm fè mikalaw san konte vwayaj yo ki apèn kòmanse; pandan popilasyon an pa ka respire anba bandi sangwen yo.

Comments are closed.