Ouragan Beryl sakaje vil Jakmèl

755


07 – 03 – 2024

Jakmèl, Ayiti ______(TRiboLAND) Plizyè depatman nan peyi Dayiti sou menas Ouragan Beryl, menmsi peyia poko anrejistre gwo dega, men li kòmanse sakaje Jakmèl.

Nan lannwit madi 02 pou leve jounen mèkredi 03 jiyè 2024 la, ouragan Beryl sakaje waf touristik la, ak plaj Lakou Nouyòk nan komin Jakmèl. Plizyè kannòt pou fè lapèch te nan gwo difikilte, kyòs pwodiksyon an tonbe, gen divès lòt bagay nan sit touristik la ki sakaje.

Ajan Egzekitif Entérimè Jakmèl la, Majistra Lourdie César mande otorite santral yo pote solidarite ak tout moun Jakmèl ki nan diaspora pou ede yo nan sitiyasyon difisil sa paske nou pa ka pèdi Jakmèl, epi mande moun nan popilasyon an rete vijilan.

“Sakap pase la konsène nou tout, nou nan yon sitiyasyon difisil ak peyia nou deja poko wè kote nap soti pou nou vin fwape ak ouragan sa ankò”, se deklarasyon Majistra Césa ki ankouraje sitwayen yo fè koud a koud yon fason pou youn veye sou lòt.

Comments are closed.