Acheveche Pòtoprens kondane zak kidnapping ki fèt sou Pè Saintéliat, li mande bandi yo libere leader relijyez la

801

07 – 02 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon nòt “Acheveche” Pòtopwens lan mete deyò jodi madi 02 jiyè 2024 la, yo kondane ak denonse zak vyolans ki fèt sou plizyè moun nan komin Gresye yè lendi premye jiyè a, epi mande nèg ak zam yo libere Pè Emmanuel Saintéliat ke yo kidnape nan moman zak vyolans yo.

Zak vyolans sa yo montre klè se bandi yo ki gen la vwa ochapit, e prouve egalman nan ki nivo otorite yo pèdi kontwòl zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

“Acheveche” eksprime endinyasyon li pou divès moun bandi sangwen touye, epi kidnape pè a kap sèvi kominote a. Responsab Legliz Katolik yo mande pou Leta aji vit, yon fason pou koupe vàn vyolans lan kap simen dèy ak laperèz nan mitan popilasyon an.

Comments are closed.