Jeff Paulo tonbe nan boukantaj kout zam ak ajan polis minisipal yo sou wout Lèpal, Tigwav.

726

07 – 01 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Jeff Paulo se non yon prezime bandi ki tonbe nan echanj kout zam ak ajan polis minisipal yo epi 2 lòt ki te avèk li, chape pou l yo; sa pase lendi 01 Jiyè 2024 la, nan lokalite Dousèt 11èm seksyon, sou wout Lèpal la ki mennen nan 9èm ak 10èm kominal Tigwav.

Prezime kriminèl la, Jeff Paulo jwen lanmò li nan moman li te akonpaye kèk akolit li yo, kote yo ta pral patisipe nan yon fèt patwonal ki tap òganize nan rejyon an; ajan polis minisipal yo ki enfòme atan, fè entèvansyon yo, yo ouvè kout zam sou ajan yo, Jeff tonbe epi lòt yo ki te avek li, kouri kite kadav la.

Prezime bandi jeff ak tout akolit li yo, tap opere sou wout Lèpal la, yo espesyalize nan fouye moun, vòlè bèt peyizan yo, kase kay abitan yo, ak fè kadejak sou fanm ak tifi elatriye…

Nap raple, Jeff Paulo te fè 7 lane nan prizon Penitansye Nasyonal, akòz li te fè pati baz Wot Tansyon ki te tabli kò li nan yon lokalite Kanyas, 11èm seksyon kominal Tigwav ki tap teworize peyizan yo. Prezime bandi a, te sove nan envazyon ki te fèt nan Gran prizon an, nan lannwit 01 pou louvri 02 mas 2024 pase a.

Comments are closed.