Fondasyon TRiboLAND : aktivite remiz sètifika patisipasyon nan Wo Moustik

723


06 – 30 – 2024

Basen Ble, Ayiti ______(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND, aprè plizyè sesyon aktivite ak seyans eksperimantasyon sou fabwikasyon pwodwi chimik, pwosede ak remiz sètifika patisipasyon pou plis pase yon 70 jenn fi e jenn gason nan Wo Moustik, lokalite Byari jounen jodi 30 jen 2024 la.

Jèn sa yo ki vrèman motive e ki te swaf konesans, te arive aprann fè: diven, tabasko, klowòks, pafen lwil, mistolin, vinèg, pinòl e latriye. Fondasyon TRiboLAND pa deside kanpe nan fòme jenn fanm ak jenn gason san yo pa genyen pou peye yon Goud Lesko.


Jèn sa yo ki dekwoche yon parèy sètifika, atestan ke yo double avèk konpetans nesesè ki pa genyen anyen pou anvye yon pwofesyonèl nan domèn fabwikasyon pwodwi chimik tout kalite. Fòmasyon sila te reyisi sou leadership kòdonatè a.i. Mèt Elinès Vincent, Siliener Jean-Charles ak Jeandeline Jean-Charles nan tèt kole ak PDG Louis Marie Louissaint anpil moun konnen sou non Papa Loulou.




Comments are closed.