DG PNH la, Normil Rameau chanje Direktè depatmantal Lwès 1 ak 2

733


06 – 30 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _______(TRiboLAND) Sou enstriksyon Direktè Jeneral a.i PNH la, Normil Rameau, 2 nouvo direktè depatmantal PNH enstale nan Lwès 1 ak 2 jounen samdi 29 jen 2024 la. komisè divizyonè Xavier Séide enstale nan Lwès 2, alòske komisè divizyonè Julbert Conseillant enstale nan Lwès 1.

Komisè Divizyonè Xavier Séide ranplase nan pòs komisè prensipal, Roger Lamartinière ki li menm transfere nan kabinè DG a, menm jan tou, komisè Julbert Conseillant ranplase komisè divizyonè Cantave Yvon ki transfere egalman nan kabinè DG a.

Chanjman sa yo antre nan kad mezi nouvo DG PNH la ap pran pou konbat ensekirite nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, ak tout zòn anviwonant yo. Nouvo Direktè depatmantal Lwès 1 ak 2 yo pwomèt yap fè tout sak nesesè pou bay rezilta, yo solisite sipò tout kolaboratè pou yon meyè rezilta.

Comments are closed.