Lapolis nan tèt kole ak lajistis anonse yon nouvèl mezi pou mete anba kòd tout bandi ki ta genyen nan tèt yo pou vin simen latwoublay nan komin Tigwav

897


06 – 29 – 2024


Tigwav Ayiti ___(TRiboLAND) Lapolis nan Tigwav nan tèt kole ak lajistis, nan yon pwen depwès, samdi 29 jen 2024 la, anonse yon nouvèl mezi pou trake bandi sangwen kriminèl, ki mete nan tèt yo, simen latwoublay nan komin Tigwav.

Otorite lapolis ak lajistis yo, mande popilasyon an, pou yo kolabore, chak fwa yo kwaze ak yon enkoni, denonse li bay otorite ki la pou sa yo. Selon otorite yo, bandi san sal yo ap kouri kite kapiltal ayisyèn lan pou al pran refij yo nan vil pwovens yo, akòz fòs miltinasyonal la ki sou sòl papa Desalin nan.

Nan sans sa a, otorite konpetant yo, lanse yon pinga bay moun kap anfèmye kay yo; yo mande yo, tanpri souple, pa kache bandi lakay yo, pa anfèmye kay yo ak moun yo pa konnen. Konsa, si yo ta siprann yon moun nan popilasyon sivil la kap kache yon kriminèl lakay li, yap arete’l epi yap poze sele sou kay la. Si pa genyen sitirè paka genyen vòlè!

Comments are closed.