Fondasyon TRiboLAND klotire 2 jounen fòmasyon sou dekorasyon ak afloral gratis ti cheri nan komin Ench depatman Sant peyi Dayiti.

848


06 – 29 – 2024

Ench, Ayiti_____(TRiboLAND) Se jounen samdi 29 jen 2024 la, Fondasyon TRiboLAND klotire 2 jounen fòmasyon sou dekorasyon ak afloral gratis ti cheri nan depatman Sant peyi Dayiti patikilyèman nan komin Ench.

Sòti ayè vandredi 28 jen pou rive samdi 29 jen 2024 la, bèl dekò ak bèl koulè pa sispann sisite souri sou lèv chak grenn patisipan ki te pran pa nan fòmasyon TRiboLAND nan legliz Centre Chrétienne ki twouve li nan Ri Charlemagne Peralte nan vil Ench avèk Madam Dorah Pierre kòm fòmatris ki te asire tou 2 jounen fòmasyon yo.

2 jounen fòmasyon sa yo te rive posib gras ak Enj. Louendy Jean nan tèt kole ak yon ekip solid nan komin Ench ki genyen nan tèt li pastè Odelens Lefort, Madam Jeannine Clerveau ak Mesye Judelet Jean kòm sekretè.

Pèsiste pou bay chak jenn fanm ak jenn gason yon metye manyèl, PDG Louis Louissaint ki gen ti non jwèt li Papa Loulou, deside demare ak jalon li pou apante depatman Sant lan ak fòmasyon gratis ti cheri. ‎

Comments are closed.