Yon nouvo komisè gouvènman enstale nan tèt Pakè Pòtoprens.

819


06 – 28 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Minis jistis ak sekirite piblik la, Mèt Carlos Hercule, nome epi enstale Mèt Constant Bourgouin nan tèt Pakè Pòtoprens lan respektivman jounen jedi 27 ak vandredi 28 jen 2024 la.

Mèt Constant Bourgouin ki se nouvo komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans Pòtoprens lan, ranplase nan pòs sa a, Mèt Edler Guillaume, ki te jwenn benediksyon ansyen premye minis prezidan an, Dr. Ariel Henry.

Mèt Constant Bourgouin apèn pwente tèt li nan Pakè a, pwomèt li pral batay kont detansyon prevantiv pwolonje a ki se yon kansè pou Dwa Moun.



Comments are closed.