Lapolis Nasyonal Dayiti, rekipere Ministè Enteryè ki te anba kontwòl bandi sangwen kriminèl “Viv Ansanm yo”.

815


06 – 27 – 2024


Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Nouvo DG lapolis Nasyonal dayiti a, Normil Rameau, nan tèt yon delegasyon akonpaye plizyè inite nan enstitisyon an, rekipere ministè enteryè anba kontwòl bandi sangwen, kriminèl “Viv Ansanm yo” apwèmidi 27 jen 3024 la.

Ministè sila la a, ki te anba kontwòl bandi sangwen yo, ki te yon tèritwa pèdi depi sou gouvènman defakto Ariel Henry a.

Nap raple, se yè mèkredi 26 jen pase a, Premye Minis ou Minis Enteryè Garry Conille te anonse lap rekipere tout enstitisyon etatik yo, vil an vil, kay pa kay, ak tout lòt kay ki anba kontwòl bandi sangwen kriminèl yo.

Comments are closed.