Fondasyon TRiboLAND reyisi premye jounen fòmasyon sou kwizin ak patisri nan zòn La Croix Saint Joseph

893

06 – 28 – 2024

La Croix Saint Joseph, Ayiti _____(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND reyisi premye jounen fòmasyon sou kwizin ak patisri jounen vandredi 28 jen 2024 la, nan lokal Legliz “Mont-Thador”, La Croix Saint Joseph, depatman Nòdwès peyi Dayiti.

70 jenn fanm ak gason te reponn prezan pou rann premye jounen sa yon reyisit. Fòmasyon sa reyisi sou lobedyans Madam Erline Honoré Mocombe nan tèt kole ak yon komite Fondasyon TRiboLAND solid ki sou plas.

Fondasyon TRiboLAND pa deside kanpe nan zafè fòme jenn fanm ak gason nan tout kwen nan peyi Dayiti. Jènn ou granmoun pa genyen pou peye yon goud Lesko pou fòmasyon yo. Antouka, randevou kase pou demen samdi 29 jen 2024 la, pou yon lòt jounen aprantisaj pou jenès La Croix Saint Joseph.


Comments are closed.