Fondasyon Triboland demare 2 jounen fòmasyon sou dekorasyon ak afloral nan depatman Sant lan gratis ti cheri.

924

06 – 28 – 2024

Ench, Ayiti__(Triboland) Fondasyon Triboland nan tèt kole ak ekip Triboland nan depatman Sant peyi Dayiti, demare ak premyè jounen fòmasyon yo, jodi vandredi 28 jen 2024 la, sou dekorasyon ak afloral gratis ti cheri nan komin Ench.


Lite anviwon 9h15 nan maten, plis pase 90 jenn fanm ak jenn gason ki sòti nan divès kwen nan komin Ench te deja reponn prezan nan lokal Legliz Sant Kretyèn ki twouvel nan Ri Charlmagne Peralte pou vin swiv 2 bèl jounen fòmasyon sila yo san yo pa peye yon goud Lesko.

Nan sans sa a, Fondasyon TRiboLAND ak Papa Loulou swete ekip jenn fanm ak jenn gason nan komin Ench bon aprantisaj, pandan y’ap kontinye mete nan men yo yon baton fòmasyon pou kwape chomaj ak ensekirite ekonomik ak devlopman.

Comments are closed.