Lapolis nan Wanament prezante 3 prezime asasen ki tap moute yon konplo pou touye yon kanbiz, pami yo 2 ajan BSAP

831


06 – 27 – 2024

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Sèvis SMPJ nan Wanament arete 3 endividi pami yo 2 ajan BSAP pou asosyasyon malfektè ak tantativ bwakaj sou yon kanbiz.

Daprè enspektè divizyonè Romial Mesidor, yo te enfòme konplo sa tap mare depi nan dat 20 jen, depi lè sa yo te kòmanse chèche enfòmasyon jiskaske yo met lapat sou malfwa yo yè mèkredi 26 jen 2024 la.

Ciné Johnly se veritab otè entèlèktyèl tantativ pou asasinen kanbiz la, epi pran tout lajan sou li. Daprè sèvis ankèt SMPJ, Ciné se yon ajan BSAP ki konn tout woulman kanbiz la paske yo se zanmi, pwiske akoz zanmitay li ak kanbiz la li oblije bay Alexis Lesly, yon lòt ajan BSAP zam li pou rann aksyon an posib. Move chans pou mesye yo, lapolis ki patab dòmi mete lapat sou malfwa yo.

“Nou konnen enpòtans BSAP nan peyia, men li enpòtan pou gen yon pase men nan zantray enstitisyon an, yon fason pou retire move grenn kap sal imaj kò a”, se deklarasyon responsab polis Wanament lan nan moman yon ti pawoli ak laprès.

Enspektè a fini pou di, zak briganday sa yo pa dwe fèt nan Wanament; konsa, li mande kolaborasyon popilasyon an ak lapolis pou yo kontinye konbat tout malfwa ki gen entansyon simen latwoublay nan rejyon an.

Comments are closed.