Hubert Hilaire, denonse fè move zak yon gwoup jèn gason nan Wo 12èm seksyon Tigwav.

809


06 – 27 – 2024


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Hubert Hilaire, se non yon kaptè kap viv nan Wo 12èm seksyon kominal Tigwav, lokalite Boudo, nan yon ti bat bouch ak repòte TRiboLAND, jounen jedi 27 jen 202 la, pa manke mo pou denonse yon ekip jèn gason li di kap fè move zak nan kominote a.

Kaptè Hilaire Hubert, deklare mesye sa yo, sòti nan yon seri zòn cho nan kapiltal la, li presize, se pitit moun nan kominote a, ki mennen yo vin teworize popilasyon an. Selon kaptè a, gwoup nèg sa yo, espesyalize nan vòlè kòb peyizan yo, fouye timachann, brakaj, vyòl elatriye…

Nan sans sa a, kaptè Hilaire Hubert kritike lapolis nan Tigwav, li di ki pa jam pase vizite peyizan yo, li fè konnen abitan yo, wè lapolis nan seksyon kominal yo, se chak fwa genyen yon gwo krim ki komèt nan zòn rekile yo. Konsa, li mande lapolis nan vil la, pou pase vizite yo, omwen yon fwa nan yon mwa, yon fason pou ede yo kwape bandi sangwen yo ki vin tabli baz yo nan seksyon kominal yo pou simen latwoublay ak dlo nan je nan mitan peyizan yo.

Comments are closed.