Deblozay pete nan mitan militan SDP ak RCESDP

813


06 – 27 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Gwo deblozay pete ant militan Sektè Demokratik Popilè ak Rasanbleman Sitwayen Angaje pou Sekirite ak Devlopman peyia nan yon konferans pou laprès jodi jedi 27 jen 2024 la. Biwo kraze, gwo bouskilad antre 2 group militan sa yo.

Militan SDP yo debake nan espas kote RCESDP tap bay yon konferans pou laprès. Plizyè militan deklare nan deblozay sa, nenpòt sa André Michel ap fè yap kraze-l paske yo te travay pou ansyen avoka pèp la epi li pa janm fè anyen pou yo.

Militan sa yo lage koukouwouj dèyè André Michel, paske yo di avoka tou nan manch lan pa bay moun respè. Anpil nan yo deklare se yo ki sove ansyen bwa dwat PM Ariel Henri, pou tan jodia ansyen avoka pèp la nan bèchon jwaye-l epi yo menm yo nan mouri è bo

Kanta pou patizan mèt André Michel yo, konferans pou laprès sa tap bay nan kad pou felisite ak ankouraje batay kont bandi nan peyia, ki se yon pa enpòtan. Epi remèdye ONU pou deplwaman fòs miltinasyonal la.

Comments are closed.